Print Friendly, PDF & Email

LSF la pou ede!

Lutheran Services Florida se yon òganizasyon ou ka fè konfyans ki ede refijye, Kiban ak Ayizyen Entran benefisyè yo, avèk aplikan azile yo nan ba yo èd imedyat nan sou fòm:

  • Ka Kowòdinasyon
  • Sèvis Legal
  • Èd Travay
  • Granmoun ak Edikasyon Vokasyonèl
  • Sèvis pou Jènn
  • Sèvis pou swen Timoun

Pou kenbe misyon li yo, LSF kontinye ap elaji chak divizyon sèvis yo pou satisfè bezwen ki te egziste deja yo, pote gerizon, espwa avèk èd pou moun ki nan bezwen toupatou nan

Florid. Depi 1982, LSF te egziste pou ede imigran ki nan bezwen.

SÈVIS LEGAL (IMIGRASYON)

Ekip asistans legal LSF la pafwa kapab ede ou navige sistèm difisil e konfizyon imigrasyon. Ankòmansman,ou pral rankontre avèk yon koòdonatè ka ki pral evalye bezwen ou yo ak sa yo ki nan fanmi ou. Nou pral mande yon seri kesyon ki pral pèmèt nou ede ou nan fason ki pi bon posib. Asire ke ou pote tout moso idantifikasyon ak dokiman imigrasyon ou.

Yon fwa ou te fè entèvyou pa Ka Koòdonatè a, ou pral resevwa èd nan men anplwaye LSF ki akredite. Yo an chaje pou fè demann ak swivi pwosès imigrasyon ke ou pral pote bay otorite imigrasyon yo.

Akredite anplwaye LSF yo ede kliyan avèk:

  • Papye Travay
  • Legal Residans Pèmanan
  • Aplikasyon pou vinn Sitwayen Amerikan (Aplikasyon Sitizenn)
  • Fanmi Rinifikasyon
  • Konsèy Jeneral pou Imigrasyon

TRAVAY/ENPLÒ

Sèvis enplò nou an devlope koneksyon avèk santèn konpayi travay ak anpil biznis ki ofri opòtinite/mwayen travay pou refijye, eksile avèk moun ki viktim nan trafik iman ki fenk rive nan peyi a.

  • Kliyan nou yo genyen opòtinite/chans pou resevwa sèvis sa yo:
  • Antrènman Vokasyonèl
  • Advansman Karyè
  • Antrènman nan Travay
  • Klas Preparasyon pou Travay
  • Gid pou Travay
  • Chèche Travay
  • Asistans pou Gadri/Swen pou Timoun

Sèvis Jènn

Pou fanmi ki gen timoun, sèvis jènn yo ofri leson patikilye, sipò, anrichman ak devlopman karyè pou timoun ki gen laj 16 rive 19 lane. Ki gen ladan:

  • GED/Pwogram Altènatif
  • Pwogram Vokational
  • Travay karyè

Sarasota

Fort Myers/Naples

LUTHERAN SERVICES FLORIDA CENTRAL SERVICES | 3627 W. WATERS AVE | TAMPA, FL 33614 | PHONE: (813) 875-1408 | FAX: (813) 875-1302